A  B CH  D  E  F  G  I  J  K  L  M  N  O  P  R  S  T  V  W  Y  Z
In this theme theme [Animal]A defo chyen, kabrit al lachasAbitid se visChyen souke ke l sou moun li konnenPiti piti zwazo fè nich liSe sou chyen mèg yo wè pisAbitye miyò pase kòmansePye bèf pou pye bèf, m ap pran l kay pratikBèl cheve pa lajanAbiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranniA fòs ou frekante chen ou kapab trape pisFanm pou yon tan, manman se pou tou tanDèyè mòn, gen mònChen vòlè men l itilChat konnen, rat konnen, barik mayi a ap rete laChay ou pa ka pote, ou mete l atè byen dousmanBaton ki bat chen blan an, se li k ap bat chen nwa aBourik travay, cheval galonnenOu fè sèkèy pou belmè, se manman w ki antere ladan lGade pa pwazonBourik chaje pa kanpeBourik toujou rete bourikFè zanmi ak kouto anvan abriko miGran mèsi chen, se kout batonYo pa achte chat nan makoutChen genyen kat pat, se yon sèl chemen li fèApre bal tanbou louRayi chen, men di dan li blanKalbas gran bouch pa kenbe dloMennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se dePito dlo a tonbe olye pou kalbas la pa krazeKote y ap plimen kodenn, poul pa riAnvan chen manje zo, li mezire machwè lChen grangou pa jweKabrit di sa k nan vant li se li ki pa lBabye malfini babye manman poulPou yon zo w ap rele chen bòpèFòk ou pa rele chen bòpè pou zoBourik fè pitit pou do l pozeMen ale, men vini. Zanmi direSa chat konnen, se sa li kapab montre pitit liBèf pa janm di savann mèsiTi kouto miyò pase zongChay sot sou tèt, li tonbe sou zepòlLajan fè chen danseDepi l rat, li resi pran nan pèlenOu joure manman kayiman, lè w fin janbe dloSe pa jan chat mache li kenbe ratBat chen an, tann mèt liTi mapou pa grandi anba gwo mapouBat men ankouraje chenChanje mèt, chanje metyeChemen bezwen pa janm longChak bourik ranni nan patiraj liChen pa janm mòde pitit li jouk nan zoSe lè ou pile chen ou konnen si li mòdeBon chwal vann dèyè do manman lLè w pa gen manman ou tete grannBèf di li pral sal savann, se ke li li salPa fouye zo nan kalalouAnnuiyan gen remèdLè w bezwen Kongo, ou rele l YayaWè pa wè, antèman pou katrèAnnafè pa dòmi diChen ou fè byen pou li, lè li anraje, se ou li mòdeFè lefou pou w pa peye dwaLè mizè bare bourik, li kapab kouri pi vit pase chevalSe sòt ki bay, enbesil ki pa pranTi bourik pa kouri pase manman lBwa ki nan men w, se avèk li w pouse chenPito sa malgre saYo sou do chwal la, y ap pale l malChen ki bwè ze pa kite metyeKouri pou lapli, tonbe nan gran rivyèBèf ki genyen ke long pa janbe difeChen manje chenChen pa janm ale chèche zo devan pòt kay tayèLanmò bourik ranje chenLè kè ti poul kontan, se malfini ki dèyè lSi krapo te bon vyann, li pa t ap rete nan dloKochon manje santiman l nan po bannannLè w nan mitan bourik, ou pote baKaka poul pa bèSe pa lè moun ap nwaye pou vin montre l najeKalbas pa donnen joumouGen bab pa vle di granmoum pou saManje kuit pa gen mètOu wè mare cheval, mare bourik pi rèdPa kite bourik pou bat makoutPati bonè pa di konnen chemen pou saDe kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay laTwò gwo non tiye ti chenTi kochon pa janm fè pitit ak tcheChak jou kiyè bwa ale kay ganmèl men yon jou ganmèl, ale kay kiyè bwa touLi pa janm twò ta pou chen anrajeResponsablite se chayDekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen PòlSe pa tout chen ki jape pou vire dèyè gadeBouche nen w pou bwè dlo santiManje kapab gaspiye devan chen mare, chen lage pa kapab jwenn liSa a se twokèt la, chay la dèyèBondye pouse mouch pou bèf san kePwomès se dètChen ki genyen zo pa genyen zanmiKochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwoteSa k nan men w, se li ki pa wLè chat pa la, rat bay kalindaSi chen pa t santi gòj li gran, li pa t ap vale zoSe chen ki konnen ou ki kapab souke ke li pou ou
...

Translation and definition

English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

...

Reina's Book Series for Children

Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!