A  B CH  D  E  F  G  I  J  K  L  M  N  O  P  R  S  T  V  W  Y  Z
In this theme theme [Kalite / Defo]A defo chyen, kabrit al lachasAbitid se visAbitan pa mize lavilAbitid tiye mèt li chak jouPye bèf pou pye bèf, m ap pran l kay pratikAbiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranniA fòs ou frekante chen ou kapab trape pisAfè kay moun se mistèAbraram di sètaseBon kapitèn swe nan sabJaden lwen, gonbo gateChen vòlè men l itilChat konnen, rat konnen, barik mayi a ap rete laLi pa pitimi san gadò.Ou fè sèkèy pou belmè, se manman w ki antere ladan lAchte peye, prete remèt, se sa ki fè zanmi direBay kou bliye, pote mak sonjeTout bèt jennen mòdeChat ki chode pè menm dlo frètZanmi pre se zanmi kòd anba braEvite miyò pase mande padonAnalfabèt pa bètBourik chaje pa kanpeLagè avèti pa tiye kokobeDanmijann poko plen, boutèy pa kapab jwennFè zanmi ak kouto anvan abriko miDe je kontre, manti kabaGran mèsi chen, se kout batonEspwa fè moun vivApre bal tanbou louBonjou' li pa laveriteKabrit pa mare nan pikèt bèfKreyon Bondye pa gen gòmFiyèl mouri, makomè kabaAtansyon pa kaponPito dlo a tonbe olye pou kalbas la pa krazeBèl dan pa vle di zanmiTig vye, men zong li pa vyeKapon antere manman liPise gaye pa kimenAnvan chen manje zo, li mezire machwè lLè marengwen ap vole, ou pa konn sa k mal sa k femèlPye kout pran devanKabrit gade je mèt kay avan li antreKabrit di sa k nan vant li se li ki pa lChak koukouy klere pou je lRavèt pa janm genyen rezon devan poulPou yon zo w ap rele chen bòpèChak gòje (gòjèt) dlo yon poul pran, li leve tèt li pou l di Bondye mèsi.Bondye bonTete pa janm twò lou pou mèt liBourik fè pitit pou do l pozeWòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèyKafou toujou pi gran pase gran chemenPiti piti fè onè prezidanBèl fanm pa vle di bon menajPran bal ou ofonYon sèl dwèt pa manje gonboGen towo pase towoZonbi goute sèl, li pa mande reteLajan kase wòchBèf pa janm di savann mèsiZafè kabrit pa zafè moutonRat kay manje pay kayLajan fè chen danseSa Bondye sere pou ou, lavalas pa kapab pote li aleSa ki ba bon pou sak, ou pa bay makout liSe pa jan chat mache li kenbe ratTi mapou pa grandi anba gwo mapouBat men ankouraje chenBon diven pa bezwen etikètFanm jalou pa graPale fransè pa vle di lespri pou saGalta Bondye toujou plen vyannVwazinaj se dra blanAkrèk pa bayBèf san ke, Bondye pouse mouch pou liKrapo fè kòlè, li mouri san boudaEde tèt ou pou Bondye kapab ede ouChen pa janm mòde pitit li jouk nan zoSe lè ou pile chen ou konnen si li mòdeLi se kouto de bòSanti bon koute chèLang pa lanmè, men li kapab nwaye wLajan pa BondyeLè w ap manje ak dyab, ou kenbe fouchèt ou byen longFile kouto, men veye dwèt ouBèf di li pral sal savann, se ke li li salByen mal pa lanmòPa fouye zo nan kalalouDlo ou pa pè se li ki pote w aleKapon antere manman lRat mòde soufleBondye konnen bay li pa konnen separeBay piti pa chichMoun ki swe pou ou se pou li ou chanje chemizWè pa wè, antèman pou katrèFè wont sèvi kòlèMete chat veye bèAnnafè pa dòmi diNèg di san fè, Bondye fè san diChen ou fè byen pou li, lè li anraje, se ou li mòdeTwou manti pa fonDwèt ou pou ou, ou pa kapab koupe l jeteSe sòt ki bay, enbesil ki pa pranMen anpil, chay pa louDe mèg pa friRenmen tout, pèdi toutYo sou do chwal la, y ap pale l malSe pa menm jou fèy la tonbe nan dlo a li pouriLè w pa gen manman, ou tete grannBèf ki genyen ke long pa janbe difeSe nan chemen jennen ou kenbe cheval malenBondye pa bòpèKochon manje santiman l nan po bannannNan bay kout men, ou jwenn kout pyeBèl pawòl pa vle di verite pou saKase fèy kouvri saRete trankil, se remèd kòSe dènye kou pou tiye koukouSe pa lè moun ap nwaye pou vin montre l najeLabouyi cho pa manje ak dwètGen bab pa vle di granmoum pou saLajan fè nèg monte masuifeOu jis dèyè kamyonèt laPati bonè pa di konnen chemen pou saSe mwen se ouKou vant chat plen, li di ke rat anmèChodyè ou pa monte, ou pa desann liDe kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay laSi w renmen po a fòk ou renmen grenn lan touTout moun genyen yon grenn zanno kay òfèvMache sou 'pinga w…' pou w pa pile 'si w te konnen…'Mouch pa antre nan bouch ki fèmenNèg sòt mare kòd li, nèg lespri pa kapab demare liTout moun genyen yon bwa deyè bannann yoJete vye chodyè pou chodyè nèfKannnari plen, kouvèti kapab trapeKouto pa kapab grate manch liTout jwèt se jwèt, kwòchèt pa ladan lLanmè pa kenbe krasLè chodyè plen, kouvèti kapab trapePadon pa geri maladPwason genyen konfyans nan dlo e se dlo ki kuit liLi pa janm twò ta pou chen anrajeSe lè ou pase maladi, ou konnen remèdLè ou aprann makak voye wòch, se tèt ou li ap kase anvanSe lave men, siye atèGen twou nan manchResponsablite se chayLè ou kontre zo nan gran chemen, sonje se vyann ki te kouvri liFòk boutèy fin plen avan bouchon jwennJe wè, bouch peMoun ki pa manje pou kont yo pa janm grangouLi pa manje manje bliyeAvantaj kòk se nan zepon l li yeLang malveyan file pase kouto de bòRegle jis pa gate zanmiBondye pouse mouch pou bèf san keAnbisyon touye ratGen kapab ak kapab; genyen kapab pase kapabLi genyen twòp machin deyè nòs liSa je pa wè, kè pa tounenPwomès se dètChen ki genyen zo pa genyen zanmiKabrit plizyè mèt mouri nan solèyLè ou mele, pa genyen zanmiFò w konn la, pou w al laMerite pa mandeKochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwoteLè poul bwè dlo, li pa kapab bliye di Bondye mèsiTwòp lespri, sòt pa lwenAprè fèt se grate tètLè chat pa la, rat bay kalindaVeye zo w, veye lòt laMakak pa jwe ak tigL ap kale wèsTeke mab la jis li kaseTi moun fwonte fè bab nan simityèLi gen kè nan menNanpwen lapriyè ki pa genyen amènByen san swe pa pwofiteLi pa konnen non chen liChita pa bayTande pa vle di konprann pou saTwò prese pa fè jou louvriMisye gen dèyèSi pa genyen sitirè pa kapab genyen vòlèBwè dlo nan vè, respekte vèMaladi pran bouyonPa genyen pèn san sekouBondye chase mouch pou bèf san keBondye padone, nèg pa padoneSe pa poutèt yon pen pou pèdi tout yon founoKapab pa soufri
...

Tradiksyon & definisyon

Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.

...

Ti liv Reina pou timoun

Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!